RESOUS (CHANJE CHAK JOU OU PI SOUVAN) 

Nimewo Liy Sèvis Dezas Legal Florida a se 866-550-2929. Sa se yon liy dezas ki dedye pou Siklon Irma, finansye pa FEMA e sipòte pa Asosyasyon Bar Etazini a, Tribinal Gouvènè Florida yo, e Divizyon Avoka Jen Florida yo, kote ou kapab kite yon mesaj pou yon avoka k’ap retounen apel ou. Pou plis enfòmasyon konsenan resous sa, klike la.

Vizite Florida Law Help Website a pou plis enfòmasyon èd dezas e resous. 

FEDERAL EMERGENCY MANAGEMENT AGENCY (FEMA) 

FEMA (Ajans Dirijan Ijans Federal) ofri ed pou lojman (enkli peye pou yon otel) e kob pou ranje lakay, lojman, e lot ed (enkli medikal, dantè, antereman, bagay esansyel lakay, depo, e ed machin). Ou pa bezwen repeye èd FEMA.

1.800.621.FEMA
(1.800.621.3362)

FEMA Frequently Asked Questions (English)

FEMA Frequently Asked Questions (Spanish)

Kesyon FEMA ki Mande Souvan (Haitian Creole)

Deman Benefis FEMA

FEMA’s Operation Blue Roof Program disponib kounyeya nan kek peyi pou moun ki gen lakay ki afekte pa Irma. Pwogram sa founi fey plastik ble pou redwi plis domaj a pwopreyete jistan ou kapab ranje lie yon jan pi pèmanan.

 

PEDISMAN DJOB

The National Employment Law Project (NELP) (Pwoje Nasyonel Lwa Anplwayman) te prepare yon fey enfòmasyon Siklon Irma avek enfòmasyon bazik konsenan Èd Chomaj Dezas (DUA). Pou kalifye pou DUA, ou dwe pedi travay ou kom rezilta direk de Irma e pa kalifye pou Èd Re-Anplwayman nòmal. DUA disponib pou semen chomaj komansan 10 Septanm, 2017 jistan ­­­­­­­­­­­­­­­­­­­17 Mas, 2018. Benefis DUA pa bezwen repeye.

Aplike sou intènet la pou Èd Chomaj Dezas la.

Ou kapab rele 1-800-385-3920 Lendi-Vandredi de 8:00 a.m. a 5:00 p.m. Tan Standa Lès. Moun anplis kapab selman aplike jistan 16 Oktob, 2017.

 

TEMPORARY ASSISTANCE FOR NEEDY FAMILIES (TANF)

TANF peye kob a fanmi san anpil kob avek pitit depandan e fanm asent nan twazyem trimes yo pou peye pou lwe, itilite, e lot depans lakay. TANF pa yon pwogram dezas men kapab ede fanmi ki afekte pa Irma. Benefis TANF pa bezwen repeye. 

Aplike pou TANF sou intènet la. Oswa ou kapab aplike pou TANF sou yon aplikasyon papye ki kapab voye nan lapos, pa faks, ou retounen a Sant Sèvis KliyanTelechaje aplikasyon papye a la.

 

MEDICAID

Medicaid peye pou sèvis ki nesesè medikalman pou endividyel e fanmi ki pa gen anpil kob. Medicaid pa yon pwogram dezas men li kapab ede fanmi ki afekte pa Irma. Benefis medicaid pa bezwen repeye.

Aplike pou Medicaid sou intènet la. Oswa ou kapab aplike pou Medicaid sou yon aplikasyon papye ke ou kapab voye nan lapos, pa faks, ou retounen a Sant Sèvis Kliyan lokal ou a Telechaje aplikasyon papye a la.

 

SEKOUS IPOTEK

Fannie Mae e Freddie Mac te bay enstwiksyon a sèvisè pre pou ogmante yon induljans 90-jou akoz de Irma.. http://www.freddiemac.com/about/hurricane-relief.html

 

EDIKASYON

Lekol Vityel Florida (FLVS) ap founi aksè elwagne a resous edikasyonel pou tout elev Florida ki te vin deplase pa Siklon Irma. Ale a www.flvs.net pou komanse pwoses rejistrasyon ou imel info@flvs.net pou akomidasyon spesyal.  Sa pa ranplase obligasyon Florida anba Ak Èd Vagabond McKinney-Vento a.

 

LOT RESOUS

Rele 2-1-1 pou konseye lojman jeneral. Si apel la pa mache, tekste IRMA a 898-211 pou ed pa teks. 
Vizite Sit Ed Legal Dezas nasyonel la

Sit Dezas Florida a founi resous pou abri pa konte, zon evak, enfòmasyon trafik, ri ki feme, e pedisman pouvwa. Florida Disaster Website e Liy Enfòmasyon Ijans Florida - 1-800-342-3557

FLORIDA DEPARTMENT OF FINANCIAL SERVICES CONSUMER HELPLINE (LIY ÈD KLIYAN DEPATMAN FINANSYEL FLORIDA A)
1.877.MY.FL.CFO
(1.877.693.5236) 

DFS STORM HOTLINE (LIY TANPET DFS)

1.800.22.STORM
(1.800.227.8676) 

AMERICAN RED CROSS
1.866.GET.INFO
(1.866.438.4636) 

ÈD LEGAL KRITIKAL....

Èd legal founi resous kritikal pou tout moun k’ap siviv dezas natirel. Nou ede moun jwen lojman ki si e san danjè, goumen kont diskriminasyon, navige reklamasyon asirans, founi pwoteksyon fwod, e ede avek repwodiksyon testaman ou lot dokiman planifikasyon pedisman lavi. 
Pou fanmi ki pa gen anpil kob, ki souvan pa gen anpil pouvwa ou enfliyans, nenpot pedisman pwopriyete ou kob gen yon enpak ki lou yon jan ki pa pwoposyonel. Èd legal ede konekte moun avek rezo rekouvreman dezas e resevwa benefis FEMA e lot benefis asirans. Nou ede avek pwoblem sezi e diskisyon Lokatè/Met Kay osi.

$ DONATE NOW ONLINE $
 

SUPPLEMENTAL NUTRITION ASSISTANCE PROGRAM (SNAP)

Depatman Pitit e Fanmi Florida a (DCF) fe SNAP, ki te konnen pa non “Koupon Manje.” Gen 3 jan diferan ke pwogram sa kapab ede ou achte manje. Benefis SNAP pa bezwen repeye.


1. Disaster SNAP (D-SNAP), ki ap ede anpil moun ki te anpyeje pa Irma menm si yo pa t’ap nòmalman kalifye pou SNAP.  Aplike pou D-SNAP sou intènet la. Enfòmasyon ki pi resan e gen plis presizyon sou benefis SNAP e chanjman ap poste sou Sit Florida ACCESS. Gen malenfòmasyon k’ap sikle kounyeya sou medya sosyal ki endike ke SNAP Dezas disponib a nenpot moun ki te pedi pouvwa pou plis ke de èdetan – sa PA VRE. Twonpe e rimè adisyonel kapab rive. Cheke Sit Florida ACCESS pou enfòmasyon pi presize.


2. Dezyem nan se yon Replacement SNAP (Ranplasman), ki founi benefisyè SNAP avek plis benefis SNAP pou peye pou manje ke yo te pedi nan Irma. Aplike pou SNAP ranplasman pa yon Fòm Otorizasyon Ranplasman Èd Manje # CF-ES 3515. Retounen fòm la a DCF pa lapos, faks, ou fas a fas andan 10 jou de pedisman ou. Jwen enfòmasyon kontak pou biwo DCF lokal la.


3. Regular SNAP (SNAP NòmaL), si ou pa gen anpil revni e bezwen ed manje.
Aplike pou SNAP Nòmal sou intènet la la. Si ou pa gen anpil revni e bezwen ed manje.
Ou kapab aplike pou SNAP nòmal sou yon aplikasyon papye ki kapab voye pa lapos, pa faks, ou retounen a Sant Sèvis Kliyan lokal ou a.
Klike la pou telechaje yon fòm papye. 

Benefis SNAP Nòmal ogmante a manje cho jistan 9/30/17

Lakay èd manje kouran yo nan konte swivan yo te pedi pouvwa pou kat èdetan ou plis e ap otomatikman resevwa 40% èd manje yo pou Septamn 2017 pou ranplase pedisman manje. Lakay ki te pedi plis ke 40% ap bezwen ranpli dokimentasyon (e.g., afidavi, foto, etc). Kontakte FLS si ou fe eksperyans avek pyedechopman pou’w jwen ed adisyonel. Reg sa aplike a konte swivan yo: Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, Desoto, Dixie, Duval, Flagler, Franklin, Gilchrist, Glades, Hamilton, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Jefferson, Lafayette, Lake, Lee, Levy, Madison, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, St. Lucie, Suwanee, Taylor, Union, Volusia, e Wakulla.  

 

PAKET MANJE SIKLON

Moun ki te afekte pa Irma kapab resevwa paket manje atrave pwogram Distribisyon Dezas Lakay (DHD) ki fet pa Depatman Agrikilti e Sèvis Konsomatè Florida nan kolaborasyon avek Nouri Florida e Pataje Fèm e Depatman Agrikilti U.S. a. Sa se yon pwogram tanporè jistan D-SNAP aplike. Se pa chak nan konte yo k’ap patisipe kounyeya.
Ou pa bezwen aplike pou Paket Manje Siklon e dokimentasyon pa nesesè. Senpleman ale a lokasyon distribisyon lokal ou a tan spesifye a pou resevwa yon paket manje. Pou lokasyon e tan, ale a: http://www.freshfromflorida.com/Divisions-Offices/Food-Nutrition-and-Wellness/HurricaneFoodPackages